Kouraj pou chanje lavi w’ toujou vini ak doulè, souvan pi rèd pase sa w’ap viv deja. Pati lojik ak analitik nan nou konprann nesesite chanjman an, men kè a paralize ak laperèz. Devan moun, nou parèt vanyan, men nou paka twonpe konsyans nou. Chak jou, san nou pa remake, nou pèdi yon ti moso nan tèt nou. Pa gen yon segonn ki pase san vwa konsyans nou pa pale, pati lonbraj la, jan Jung rele l. Nou kache sa nou pè, kouri dèyè travay a leksè, distraksyon, oswa adiksyon pou evite fè fas ak chanjman ki, menm si li fè mal, ta ka chanje lavi nou pou tout tan. Sa pa fèb nou fèb, okontrè nou kanalize pè sa nan lòt bagay pou ede nou konpanse. E nou reyisi trè byen. Mwen sèten ke moun save yo gen yon esplikasyon syantifik pou sa, men mwen panse ke gen de bagay yon nonm ap viv ke pèsonn paka entèprete nan tout entegralite l. Jan yo di an kreyòl, “fòk ou al la pou konn la.”
Recent Posts
-
Kouraj Pou Chanje Lavi w' December 7,2025
-
First Portrait Session On Canvas Background April 28,2024
-
Ladies & Gentlemen IRIS is back! January 5,2024
-
Creative Photo Portrait Session With Vanessa Agudelo September 19,2023
-
Pardon The Mess Around The Website, I'm Working On It Diligently September 4,2023
Categories
- Gear (4)
- Monologue (1)
- Personal (5)
- Photography (5)
- Photoshoot (6)
- Portraits (6)
- Tutorials (1)
Archives
- December 2025 (1)
- April 2024 (1)
- January 2024 (1)
- September 2023 (3)
- July 2023 (1)
- June 2023 (1)
- May 2019 (3)
- November 2018 (2)
- January 2018 (1)
- October 2016 (1)
